Tuesday, June 9, 2009

Ma Jacques Laguerre FONDATÈ annou sove timoun yo


Ma Jacques Laguerre te oganize dezièm reyinyon ak timoun won dèzanfan you nan dat 16 jwen 1989 nan bouk marmelad haiti nan lokasyon li bay plizyè pwofesè pou te ka edike timoun yo. Ma Jacques se yon manmam tout timoun , anbisyon li byen lontan se ankadre timoun yo pou yon meyè edikasyon. Ma Jacques Laguerre ki rekonet o eta zini pa sè Jertha non jèn fi li kontinye travay li, kote lap ansenye timoun yo e granmoun yo labib, li se pwofesè lekol di dimanch nan legliz Restoration nan Fort Lauderdale Florida.
Tel.954-871-0709

Donate in bitcoin
17d5vt3LqwP2u8YbTUxr5p3FKstimk3WKv

An zelle 
Woody Laguerre. 
954-496-5402

Monday, June 8, 2009

Paste Allain Laguerre


Manb fondate annou sove timoun yo ki toujou ap panse koman li ka nouri srirityelman nanm timoun yo. Rev li se poul delivre pawol Bondye ya nan lemond antye spesyalman nan marmelad haiti kotel soti a.

DEBLOKE


Pep marmelad la te swaf pawol Bondye a, yo tap louwe e adore ak jwa nan ke yo, timoun, jenes ak granmoun yo te deplase an foul, plas piblik la te krake moun pat menm ka jwenn kote pou yo te kanpe si telman te gen pitit Bondye kap adore. Nou te estime foul la de 2500 moun.

DEBLOKE

Paste Allain Laguerre ak tout staf yo ap adore e gaye levagil nan marmelad.

DEBLOKE

Kwazad ki te fet nan ane 2008 sou plas piblik nan marmalad haiti devan anfas kay prezidan nou Gracia Rene Preval. Se te yon bel kwazad kote anpil nanm sove, tout gwo otorite yo te patisipe tankou majistra marmelad la Mr Jean Robert Elvariste ak anpil lot paste nan bouk la. Nou te transmet an direk pa yon nouvo radyo stasyon nan bouk la ki rele radyo marmelad pou tout zon te ka pran bon mesaj pitit Bondye yo te pote pou yo nan marmelad.

Legliz restoration belle-vue dimanch sevis


Dimanch sevis nan legliz restoration belle-vue. Timoun yo swaf levangil.

Friday, June 5, 2009

Reyinyon

Mr woody Laguerre
Reyinyon pou integre timoun ofelen yo ak vev yo nan yon pwoje kantin ke nou ta rinmen mete sou pye pou soulaje mize ke yap andire.

Manm fondate annou sove timoun yo

Jack Laguerre toujou ap panse de timoun yo haiti pou edikasyon, sante, lavi spirityel pou nou ka gen yon bon avni pou peyi nou haiti. Timoun yo bezwen ed tout ayisyen paske timoun se avni peyi a.

DEBLOKE

Se Jacques Laguerre ki se fondate annou sove timoun yo, se Georjette, se Natacha, se Carline Laguerre, paste Meye chita sou podyom nan.

Legliz restoration belle-vue


Sevis adorasyon nan dimanch maten.

DEBLOKE


DEBLOKE



Kwazad pou tit debloke nan marmelad nan mwa jiye 2008. Se yon altenativ ke chak ane ke spirit fielled a miami ki dirije pa paste Allain Laguerre , group Achem e legliz restoration de Belle-vue a marmelad mete sou pye pou sove nam e pou ansenye pep la se letenel ki Bondye.

Parad fet drapo marmelad haiti

Parad fet drapo timoun yo nan marmelad

ANNOU CHAK AYISYEN PRAN KONSYANS


Timoun bellvue marmelad yo


Timoun bellvue yo, ou ka dekrive foto sa sou plizye kontex pa exanp timoun yo bezwen rad, manje, ankadreman, asitans ou, asitans nou, asistans nou tout. ANOU WE KI SA OU KA FE POU PEYI OU!!!!!!!!!

Devan legliz ak lekol la



Siklon 2008 la dekouvri legliz la ak lekol la ou ka we nou bezwen ed ou ,ed nou, ed nou tout pou nou ka chanje sitiyasyon haiti a.

Mr Woody Laguerre e Etienne St Gourdin


Mr Woody manb fondate annou sove timoun yo avek Mr Etienne St Gourdin inspekte general police haiti ki toujou bay sipo li nan mouvman annou sove timoun yo.


Mr Woody avek Mr Hao ki se presidan e fondate National Lending Corporation ki se pi gro mogej conpani ki kouvri tout USA apiye mouvman annou sove timoun yo an haiti. Mr Hao toujou ap bay ide ak bon jan sistem pou mete haiti sou pyel.

Rouf legliz&lekol la


Siklon ki te pase nan 2008 la jete rouf legliz la ki se lekol pou timoun yo anmemtan. Nap fe tet travay pou nou we kijan nou ka kole pyese poun kouvri legliz la menm jan li te ye a paske se la timoun yo pran ti edikasyon yo pou yo ka kon li ak ekri demen pou yo sevi peyi yo haiti cheri a.

Thursday, June 4, 2009

Fet drapo haiti


Mr Woody Laguerre, Mr teo, e Mr limeus ki se yon pwofese nan lekol Restoration de Bellvue Marmelad ap ede separe manje pou elev yo a lokazyon fet drapo haiti.

foto timoun yo

fet 18 mai nou te oganize yon parad nou bay manje bwe bel aktivite pou timoun yo.